Yon angajman pou kominote mwen
Mwen soti Trou-du-Nord, mwen se yon antreprenè ki angaje nan devlopman kominote mwen. Atachman mwen ak popilasyon an ranfòse konviksyon mwen: pwogrè a repoze sou responsablite, inisyativ ak patisipasyon tout moun.
Antanke kandida pou depite, mwen pran angajman pou pote enkyetid popilasyon an nan Palman an, defann enterè sikonskripsyon nou an epi soutni inisyativ konkrè pou jenès, antreprenarya ak devlopman.
